Ede Timoun Nou Yo Li!
Kiyès Nou Ye?
Byenvini nan GoColo Studio! N ap travay pou timoun ka aprann li Kreyòl Ayisyen. Objektif nou se pou n ekri liv an Kreyòl pou timoun e ede yo devlope kapasite yo genyen pou yo li. Nou fèk kòmanse. Achte liv ou jodi a!

Videyo Nou Yo
Objektif Nou
GoColo Studio ap travay sou yon seri liv ki kapab ede timoun yo aprann e renmen li an kreyòl ayisyen. Liv nou yo ap montre imaj ak istwa k ap ede timoun yo devlope kapasite pou yo li. Ann ede timoun nou yo!

Nou Bezwen Èd Paran Yo!
Li Ansanm Ak Timoun Nou Yo!
Nou pap ka akonpli objektif nou san èd paran yo. Nou ankouraje manman ak papa yo pou yo pran abitid li ansanm ak timoun yo regilyèman. Timoun yo bezwen sa!
Liv n ap fè yo ekri an Kreyòl sèlman. Menm jan sa ye nan liv pou timoun nan lòt lang, GoColo Studio kwè pi bon fason pou timoun aprann Kreyòl se lè yo plonje nan lang la nèt. Liv, mizik e jwèt ki fèt an Kreyòl ap ede yo kòmanse aprann bonè.

Ki Sa W Ta Renmen Wè?
Nou Vle Tande W!
Èske gen yon bagay nou ka fè pou ede timoun ou aprann Kreyòl? Pran kontak avek nou e fè nou konnen ki ide w genyen. N ap kontan tande sa w panse!

Schools & Libraries
Help the Haitian Children
GoColo Studio would love to help families and schools build their own libraries of children's books in Haitian Creole. We plan to create a collection that tells a story and sparks curiosity in young readers. Share our website with your local school or library!
